vendredi 24 septembre 2010

Dwa moun

Yon asosyasyon kap defann dwa deplase yo wè jou nan kan Tabarre Issa sou inisyativ yon gwoup jèn kap viv sou kan sa a. Asosyasyon an batize “Asosyasyon pou Respè Dwa Fanmi Deplase yo” ARDFD se ti non asosyasyon an. Joseph Johnny,Tony Chéridor ak Auguste Petit-Frère se kèk nan moun ki te pran inisyativ met mouvman sa a sou pye nan lide pou goumen pou chanje sitiyasyon la vi nan kan deplase yo. Inisyatè yo tanmen rankont ak plizyè komite kan nan depatman lwès la pou ranfòse asosyasyon an.

nouvo abri

Travay pou ranplase tant pa ti kay ki fèt ak bwa epi ki kouvri ak tòl yo,tanmem nan kan Tabarre Issa a.Kèk jèn kap viv sou kan sa a jwenn ti djòb nan aktivite konstriksyon sa a,pou sèten ladan yo.ti kòb la ap pèmèt yo prepare antre lekòl la. Responsab yo ta dwe angaje moun yo sou yon baz egal ego,pa ta dwe gen paspouki,apre yon moun fin pase yon kenzèn travay,li ta dwe bay yon lòt kamarad .Men responsab yo pa respekte disiplin sa a,plis yon moun gen relasyon ak desidè yo,se plis lap wè tan travay li long.
Premye moun kap benefisye ti kay sa yo,se fanm ansent ki pral akouche,fanm ki nouris,moun ki vanse nan laj ak sila yo ki malad.
Chak ti kay sa yo,gen yon chanm,yon ti bout galeri ak yon ti espas ki ka sèvi pou moun kap viv nan kay la benyen.
Pou kèk benefisyè,yon chanm kay pa sifi pou yon fanmi,yo oblije viv pil sou pil,san entimite,kote souf timoun ap makonnen ak souf granmun nan w menm espas. Nou pa bezwen di ke sa a pa lijèn.
Gen yon pwovèb kreyòl ki di « Lè w pa gen manman ou tete grann » ,benefisyè yo pa kwè ke grann sa yo ap ka bay tete pou lontan e yo pa vle tonbe nan sitiyasyon pito nou lèd nou la a.